MEN KIBÒ NAP YE NAN JOU KAP VINI YO
PHILADELPHIA, PA - 25 Oktòb
Enskripsyon fini 15 Oktòb, pa gen eksepsyon, nap pran 30 moun selman.
Indiana - 11, 12 Oktòb
Enskripsyon an ap fini 27 Septanm, men nou pap pran anpil moun.
Ohio - 13 Oktòb
Enskripsyon an sanse fini paske nou ap gen yon sèl jou pou Ohio. Nap tounen nan kèk mwa.
REPONS AK KÈK KESYON
Non, fòmasyon sou fotoğrafı yo pa kouvri editing, men aprè ou fin pran klas foto a nan men nou, nou ofri w klas editing nou yo ak rabè. Nap ba w info sou pri klas editing nan aprè klas foto a.
Non, nou pa itilize lojisyèl ki "crack." Nou peye chak mwa pou adobephotoshop ak lightroom nou an. Package la vann $20/mwa pou tou 2. Nou ka moutre w jan pou w achte l. Nou ankouraje tout pwofesyonèl pou yo achte lojisyèl yo pou plizyè rezon.
Nap travay sou kèk dat pou nou ka rive nan zòn pa w la, men nou pa ale nan yon State de fwa, si nou tou prè w la, li enpòtan pou eseye kondi vini jwenn nou.
Depi w fin enskri pou klas nou yo, nap mete w sou yon gwoup whatssap epi nap pataje anpil info ak ou pou prepare w pou klas la, tankou, ki materyèl wap bezwen e konbyen kòb yo vann.
WI, nou bay klas endividyèl men anpil fwa, pri a konn twò wo pou moun ki mande yo. Klas endividyèl nou yo nan $1500-$2500, paske sa mande anpil tan ak enèji.